Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 23


Seksyon 23

Yon seri ki gen senk revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Manchester, New York, ann Avril 1830, pou Oliver Cowdery, Hyrum Smith, Samuel H. Smith, Joseph Smith, papa a, ak Joseph Knight, papa a. Kòm rezilta pou volonte onèt ki soti kote senk moun nou te nonmen yo, ki te vle konnen devwa pa yo, Pwofèt la te mande Senyè a e pi l te resevwa yon revelasyon pou chak moun.

1–7, Premye disip sa yo resevwa apèl pou yo preche, egzòte, epi pou yo fòtifie Legliz la.

1 Gade, m ap di ou, Oliver Cowdery, kèk pawòl. Gade ou beni, epi ou pa anba okenn kondanasyon. Men, fè atansyon ak alògèy, pou ou pa tonbe nan btantasyon.

2 Fè legliz la ak mond lan konnen apèl ou a, epi kè w ap louvri pou ou preche verite a depi lè sa a, pou tout tan. Amèn.

3 Gade, m di w, Hyrum, kèk pawòl; paske ou menm tou ou pa anba kondanasyon, epi kè w louvri, epi lang ou delye; epi apèl ou se pou w egzòte, epi pou w afòtifie legliz la toutan. Se poutèt sa, pou toutan ou responsab legliz la, epi se akoz fanmi pa w. Amèn.

4 Gade, m di ou kèk pawòl, aSamuel; paske ou menm tou ou pa anba kondanasyon tou, epi apèl ou se pou egzòte, epi pou ou ranfòse legliz la; epi ou poko resevwa apèl pou ou preche devan mond lan. Amèn.

5 Gade Joseph, m ap di ou kèk pawòl, paske ou pa anba kondanasyon, epi apèl ou se pou ou fòtifie legliz la; epi se apèl ou depi kounyeya pou toutan. Amèn.

6 Gade, m ap manifeste nan ou, Joseph Knight, pa mwayen pawòl sa yo, pou fè ou konnen ou dwe pran akwa ou, nan fason sa a pou ou bpriye c devan mond lan epi an sekrè tou, ak nan fanmi ou, ak pami zanmi ou yo, epi tout kote.

7 Epi, gade, se devwa ou pou areyini avèk vrè legliz la, epi pou ou bay langaj ou lè w ap egzòte toutan, pou ou kapab resevwa rekonpans travayè a. Amèn.