Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 48


Seksyon 48

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio, 10 Mas 1831. Pwofèt la te mande Senyè a ki kalite aranjman pou yo fè pou yo kapab gen tè pou Sen yo tabli. Se te yon sijè enpòtan an rapò ak deplasman manm Legliz yo soti nan lès Etazini, pou ale rasanble nan Ohio lè y ap obeyi ak kòmandman Senyè a (gade nan seksyon 37:1–3; 45:64).

1–3, Sen nan Ohio yo dwe pataje tè yo avèk frè yo; 4–6, Sen yo dwe achte tè, bati yon vil, epi suiv konsèy ofisye k ap prezide yo.

1 Li nesesè pou kounyeya nou ta rete kote nou abite a, toutotan li apropriye ak sitiyasyon nou.

2 Epi toutotan nou gen tè, nou dwe apataje avèk frè ki soti nan lès yo;

3 Epi lè nou pa gen tè, kite yo achte nan rejyon alantou yo, pou kounyeya jan yo vle, paske li nesesè pou yo gen kote pou yo viv pou kounyeya.

4 Li nesesè pou nou ekonomize tout lajan nou kapab, epi pou nou jwenn tout sa nou kapab nan lajistis, pou lè tan an rive nou kapab aachte tè pou yon eritaj, bmenm yon vil.

5 Kote a poko ap revele; men, apre frè nou yo vin soti nan lès la, akèk moun pral lonmen, epi moun sa yo pral bkonnen kote a, oubyen m ap revele yo li.

6 Epi y ap lonmen pou yo achte tè yo, epi pou yo fè yon kòmansman pou poze fondasyon avil la; epi apre sa nou pral kòmanse rasanble avèk fanmi nou, chak gason daprè bfanmi l, daprè sitiyasyon li, daprè jan prezidans ak evèk legliz la lonmen l, daprè lalwa ak kòmandman nou resevwa, ak sa nou pral resevwa apre. Se konsa sa ye. Amèn.