Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 92


Seksyon 92

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Kirtland, Ohio, 15 Mas 1833. Revelasyon an enstwi Frederick G. Williams, ki te lonmen dènyèman kòm konseye Joseph Smith, sou devwa li nan Antrepriz Ini an (gade antèt seksyon 78 ak 82).

1–2, Senyè a bay yon kòmandman ki gen relasyon avèk admisyon lòd ini an.

1 An verite, Senyè a di, m bay alòd ini an, òganize an akò avèk kòmandman m te deja bay yo, yon revelasyon ak kòmandman konsènan sèvitè m nan, Frederick G. Williams, pou ou resevwa l nan lòd la. Sa m di yon moun, m di tout moun li.

2 Epi ankò, m di ou, sèvitè m nan Frederick G. Williams, ou pral yon manm vivan nan lòd sa a; epi toutotan ou fidèl nan respekte tout ansyen kòmandman yo, w ap beni pou tout tan. Amèn.