Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 104


Seksyon 104

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio oubyen tou pre Kirtland, 23 Avril 1834, konsènan Antrepriz Ini an (gade antèt seksyon 78 ak 82). Sete pwobableman nan okazyon yon reyinyon konsèy manm Antrepriz Ini yo, ki te diskite sou bezwen tanporèl presan Legliz la te genyen yo. Yon premye reyinyon antrepriz la ki te fèt nan 10 Avril te pran rezolisyon pou òganizasyon an te disoud. Revelasyon sa a di pou yo reyòganize antrepriz la pito; yo te divize byen l yo pami manm antrepriz la kòm responsablite yo. Sou direksyon Joseph Smith, fraz “Antrepriz Ini” an te vin ranplase apre pa “Lòd Ini” nan revelasyon an.

1–10, Sen yo ki transgrese kont lòd inifye a ap modi; 11–16, Senyè a pran swen Sen Li yo nan pwòp fason pa L; 17–18, Lalwa levanjil gouvène swen pòv yo; 19–46, Responsablite ak benediksyon plizyè nan frè yo deziye; 47–53, Lòd ini ki nan Kirtland nan ak lòd ki nan Siyon an dwe fonksyone separeman; 54–66, Fon sakre Senyè a tabli pou enprime ekriti yo; 67–77, Fon jeneral lòd ini a dwe administre sou konsantman jeneral; 78–86, Moun ki nan lòd ini yo dwe peye tout dèt yo, epi Senyè a ap delivre yo anba esklavaj finansye.

1 An verite m di nou, zanmi m yo, m ba nou konsèy ak yon kòmandman konsènan tout pwopriyete ki pou lòd m te kòmande pou òganize epi pou tabli a, kòm yon alòd inifye, ak yon lòd etènèl pou benefis legliz mwen an, epi pou sali lèzòm jistan m vini—

2 Avèk pwomès ki irevokab epi ki pa chanje, pou toutotan moun m te kòmande yo rete fidèl yo kapab beni avèk anpil benediksyon;

3 Men toutotan yo pa fidèl, yo te mi pou malediksyon.

4 Se poutèt sa, toutotan kèk nan sèvitè m yo pa t respekte kòmandman nan, men, yo te vyole alyans la pa mwayen akonvwatiz, epi avèk move pawòl, m te modi yo avèk yon move malediksyon ki grav.

5 Paske mwen menm Senyè a m te dekrete nan kè mwen, toutotan yo jwenn yon nonm ki nan lòd la kòm yon transgresè, oubyen otreman, ki vyole alyans ki lye w la, l ap modi epi l ap pyetine anba moun mwen vle;

6 Paske mwen menm Senyè a, moun pa dwe amoke m nan bagay sa yo—

7 Epi tout bagay sa yo pou inosan ki nan pami nou yo pa kondane avèk enjis yo; epi pou koupab ki gen pami nou yo pa chape; paske mwen menm Senyè a, m te pwomèt nou yon akouwòn laglwa bò kote dwat mwen.

8 Se poutèt sa, toutotan yo jwenn nou kòm transgresè, nou p ap kapab chape anba kòlè mwen nan vi nou.

9 Toutotan nou aretranche poutèt transgresyon, nou pa kapab chape anba btouman cSatan jouk nan jou redanmsyon an.

10 Epi kounyeya, m ba nou pouvwa depi kounyeya menm, pou si nou jwenn nenpòt moun pami nou ki nan lòd la kòm transgresè, epi ki pa repanti pou mal la, pou nou livre l anba touman Satan; epi li p ap gen pouvwa pou l a nou mal.

11 Se sa se lasajès mwen; se poutèt sa, m ba nou yon kòmandman pou nou òganize tèt nou epi pou nou tabli chak moun nan aresponsablite l;

12 Pou chak moun kapab ban mwen yon rapò sou responsablite yo te ba li a.

13 Paske li nesesè pou mwen menm Senyè a ta fè chak òm gen aresponsablite, kòm yon bentandan sou benediksyon terès m te fè yo epi m te prepare pou kreyati m yo.

14 Mwen menm Senyè a, m te etann syèl la, epi m te abati tè a, travay pwòp bmen pa mwen; epi tout bagay ki ladan l se pa m.

15 Epi se objektif mwen pou m pran swen sen mwen yo, paske tout bagay pou mwen.

16 Men, sa dwe fèt nan afason pa m; epi, gade, se fason mwen menm, Senyè a, m te dekrete pou m pran swen sen mwen yo, bpòv yo pral egzalte, nan fason moun rich yo pral diminye.

17 Paske a a ranpli, epi gen ase pou pataje; wi, m te prepare tout bagay, epi m te akòde pitit lèzòm pou yo bajan pou tèt pa yo.

18 Se poutèt sa, si nenpòt moun pran nan aabondans m te kreye a, epi l pa pataje pòsyon pa li a, daprè blalwa levanjil mwen an, bay cpòv yo ak moun ki nan nesesite yo, li pral, avèk mechan yo, leve je li nan dlanfè, pandan li nan touman.

19 Epi kounyeya, an verite m di nou, konsènan pwopriyete yo ki nan alòd la—

20 Se pou sèvitè m nan, Sidney Rigdon pran pou tèt pa l kote li abite kounyeya, ak lokasyon pou tannen po bèt yo kòm responsablite l, pou sipò li pandan l ap travay nan jaden m nan, daprè volonte m, lè m kòmande l.

21 Epi se pou tout bagay fèt daprè konsèy lòd la, ak konsantman inifye oubyen vwa lòd la, ki rete nan peyi Kirtland lan.

22 Epi se responsablite ak benediksyon sa a, mwen menm Senyè a, m konfere sou sèvitè m nan, Sidney Rigdon kòm yon benediksyon sou li, epi sou desandan li yo apre li;

23 Epi m ap miltipliye benediksyon sou li, toutotan li gen imilite devan mwen.

24 Epi ankò, se pou sèvitè m nan Martin Harris pran pou tèt pa l, sou entandans li, moso tè sèvitè m nan John Johnson te resevwa lè l te twoke premye eritaj li a, pou li ak jenerasyon li yo apre li;

25 Epi toutotan li fidèl, m ap miltipliye benediksyon sou li epi sou desandan li yo apre li;

26 Epi se pou sèvitè m nan, Martin Harris konsakre lajan l yo pou pwoklame pawòl mwen yo, daprè fason sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, dirije.

27 Epi ankò, se pou sèvitè m nan, Frederick G. Williams pran plas kote li abite kounyeya.

28 Epi se pou sèvitè m nan, Oliver Cowdery, pran tè ki lonje kote kay la, ki dwe vin tounen ofis enprimri an, ki se tè nimewo en an, tè kote papa l rete a.

29 Epi se pou sèvitè m yo, Frederick G. Williams ak Oliver Cowdery pran ofis enprimri an ak tout bagay ki ladan l.

30 Epi se pral entandans ki pral sou do yo.

31 Epi toutotan yo fidèl, gade m ap beni yo epi m ap miltipliye benediksyon sou yo.

32 Epi se kòmansman entandans m ba yo, pou yo ak desandan yo apre yo.

33 Epi, toutotan yo fidèl, m ap miltipliye benediksyon sou yo ak desandan yo apre yo, wi anpil anpil benediksyon.

34 Epi ankò, se pou sèvitè m nan, John Johnson pran kay kote l rete a, ak eritaj la, tout nèt eksepte tè ki te rezève pou abati kay mwen yo, ki fè pati nan eritaj sa a, ak tè yo ki te dedye pou sèvitè m nan, Oliver Cowdery.

35 Epi toutotan li fidèl, m ap miltipliye benediksyon sou li.

36 Epi se volonte m pou l vann tè yo te mete apa pou vil moun sen mwen yo, toutotan avwa Lespri a fè l konn sa, epi daprè konsèy lòd la, epi avèk vwa lòd la.

37 Epi se kòmansman entandans m ba li, kòm yon benediksyon pou li ak desandan li yo apre li.

38 Epi toutotan li fidèl, m ap miltipliye yon pakèt benediksyon sou li.

39 Epi ankò, se pou sèvitè m nan, aNewel K. Whitney pran kay yo ak tè yo kote l abite a, ak tè ak kay kote tablisman pou komès la kanpe a, ak tè ki nan kwen sid tablisman komès la, ak tè kote fondri a ye a.

40 Epi tout bagay sa yo m bay sèvitè m nan, Newel K. Whitney kòm entandans li, kòm yon benediksyon sou li epi sou desandan li yo apre li, pou benefis tablisman pou komès pou lòd mwen an m te tabli a, pou pye mwen an nan peyi Kirtland nan.

41 Wi, an verite, se entandans m bay sèvitè m nan, N. K. Whitney, sa vle di tout tablisman pou komès sa a, li menm ak aajan li yo, ak desandan li yo apre li.

42 Epi toutotan li fidèl nan respekte kòmandman m yo m ba li yo, m ap miltipliye benediksyon sou li ak desandan l yo apre li, sa vle di yon pakèt benediksyon.

43 Epi ankò, se pou sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, pran tè yo te mete apa pou kay mwen an, ki gen karant mèt nan longè ak douz nan lajè, ak eritaj kote papa l abite kounyeya;

44 Epi se kòmansman entandans m ba li, kòm yon benediksyon sou li epi sou papa l.

45 Paske gade, m rezève yon eritaj pou apapa l, pou sipò li; se poutèt sa y ap rekonèt li nan kay Joseph Smith, pitit la, sèvitè m nan.

46 Epi m ap miltipliye benediksyon sou kay sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, sa vle di yon pakèt benediksyon.

47 Epi kounyeya, m ap ba nou yon kòmandman konsènan Siyon, pou nou pa mare ansanm avèk frè nou yo ki nan Siyon an ankò kòm yon lòd ini, poutèt rezon sa a sèlman—

48 Lè nou fin òganize, n ap rele Lòd Ini ki nan aPye Siyon an, vil Kirtland nan. Epi lè frè nou yo fin òganize, y ap rele Lòd Inifye ki nan Vil Siyon an.

49 Epi y ap òganize nan pwòp non pa yo, nan non yo; epi yo pral mennen biznis, pa yo nan pwòp non pa yo, nan non yo.

50 Epi nou pral mennen biznis nou nan non pa nou, ak nan non pa nou.

51 Epi se sa m kòmande ki dwe fèt pou sali nou, epi pou sali yo, kòm konsekans poutèt yo te achase yo a epi poutèt sa ki pral rive.

52 Paske yo te vyole aalyans yo pa mwayen transgresyon, nan bkonvwatiz ak move pawòl—

53 Se poutèt sa, nou separe kòm yon lòd inifye avèk frè nou yo, epi nou pa lye avèk yo jouk nan lè sa a, sèlman nan fason sa a, jan m te di a, pa jan lòd sa a dakò avèk konsèy li, daprè jan sikonstans ou admèt epi vwa konsèy la dirèk.

54 Epi ankò m ba nou yon kòmandman konsènan responsablite m te ba nou an.

55 Gade, tout pwopriyete sa yo se pou mwen, san sa, lafwa nou anven, epi nou se ipokrit, epi alyans nou te fè avèk mwen an fini;

56 Epi si pwopriyete yo se pou mwen, nou se aentandan; san sa ou pa entandan.

57 Men, gade m di nou, m lonmen nou kòm entandan nan kay mwen an, vrèman responsab.

58 Epi se pou rezon sa a m kòmande nou pou nou òganize tèt nou, pou nou enprime apawòl mwen yo, tout ekriti mwen yo, revelasyon m te ba nou yo, epi m pral ba nou tanzantan apre sa—

59 Nan objektif pou nou bati legliz mwen an ak wayòm mwen an sou tè a, epi pou pare pèp mwen an pou a m pral brete avèk yo a, ki prèske rive.

60 Epi nou dwe prepare yon plas pou tèt pa nou kòm depatman finans, epi konsakre l nan non mwen.

61 Epi nou dwe lonmen youn pami nou pou kenbe depatman finans la, epi nou dwe òdone l pou benediksyon sa a.

62 Epi pral gen yon so sou depatman finans la, epi tout bagay sakre yo pral depoze nan depatman finans la; epi pèsonn pami nou pa dwe rele l pa li, oubyen okenn pati ladan l, paske l ap pou nou tout ansanm.

63 Epi m ba nou l depi kounyeya menm; epi kounyeya pa neglije ale epi itilize entandans m ba nou, espesyalman bagay sakre yo, nan objektif pou nou enprime bagay sakre sa yo jan m te di a.

64 Epi arevni bagay sakre yo pral depoze nan depatman trezò a, epi pral gen yon so sou li; epi okenn moun pa dwe itilize l ni wete l nan depatman trezò a, ni tou so ki pral plase sou li a pa dwe defèt, eksepte pa vwa lòd la, oubyen pa kòmandman an.

65 Epi se konsa nou pral prezève bagay sakre yo ki nan depatman trezò a, pou objektif ki sakre epi ki sen.

66 Epi yo pral rele l trezò sakre Senyè a; epi yon so pral rete sou li pou l kapab sen epi pou l kapab konsakre pou Senyè a.

67 Epi ankò, yon lòt depatman trezò pral prepare, epi yon trezorye pral chwazi pou kenbe depatman trezò a, epi yon so pral plase sou li;

68 Epi tout lajan nou resevwa nan entandans nou yo, lè nou ogmante valè pwopriyete m te ba nou yo, avèk kay, oubyen avèk tè, oubyen avèk betay, oubyen avèk tout bagay eksepte ekriti sen ki sakre yo m te rezève pou tèt pa m pou objektif ki sen epi ki sakre, mete yo nan depatman trezò a lamenm nou resevwa lajan yo, pa santèn, oubyen pa senkantèn, oubyen pa ventèn, oubyen pa dizèn, oubyen senk.

69 Ki vle di, si nenpòt moun pami nou jwenn senk dola se pou l mete l nan depatman trezò a; oubyen si l jwenn dis, oubyen ven, oubyen senkant, oubyen san, se pou l fè menm jan an;

70 Epi se pa pou okenn moun pami nou di se pa l li ye, paske se pa pou li li ye, ni okenn pati ladan l.

71 Epi okenn pati ladan l pa dwe itilize, ni yo pa dwe wete l nan depatman trezò a, eksepte avèk vwa epi konsantman jeneral lòd la.

72 Epi se pral vwa ak konsantman jeneral lòd la—pou si nenpòt moun pami nou di trezorye a: M bezwen bagay sa a pou ede m nan entandans mwen—

73 Si se senk dola, oubyen si se dis dola, oubyen ven, oubyen senkant, oubyen san, trezorye a ap ba li sòm li mande a pou ede l nan entandans li—

74 Jistan yo bare l kòm transgresè, epi sa manifeste byen klè devan konsèy lòd la pou pwouve li se yon enfidèl ak yon entandan ki apa saj.

75 Men, tout tan li fratènize totalman, li fidèl epi li saj nan entandans li a, se ap mo pas li devan trezorye a epi trezorye a p ap entèdi l.

76 Men, nan ka transgresyon, trezorye a ap soumèt devan konsèy la ak vwa lòd la.

77 Epi an ka yo jwenn trezorye a kòm yon entandan enfidèl ki pa saj, l ap soumèt devan konsèy la ak vwa lòd la, epi y ap wete l nan plas li a, epi ayon lòt ap pran plas li.

78 Epi ankò, an verite m di nou, konsènan dèt nou yo—gade se volonte m pou nou apeye tout bdèt nou yo.

79 Epi se volonte m pou nou gen aimilite devan mwen, epi pou nou jwenn benediksyon sa nan bdilijans nou ak imilite nou ak priyè nou ki fèt avèk lafwa.

80 Epi toutotan nou dilijan epi nou gen imilite, epi nou fè egzèsis apriyè ki fèt avèk lafwa, gade, m ap adousi kè moun nou dwe yo, jistan m voye mwayen pou nou pou delivrans nou.

81 Se poutèt sa, ekri New York rapid rapid epi ekri daprè sa aLespri m dikte; epi m ap adousi kè moun nou dwe yo, pou sa soti nan panse nou pou yo pa pote afliksyon sou nou.

82 Epi toutotan nou gen aimilite epi nou fidèl epi nou rele non mwen, gade, m ap ba nou bviktwa.

83 M fè nou yon pwomès, pou nou delivre fwa sa a anba esklavaj nou an.

84 Epi toutotan nou jwenn yon chans pou nou prete lajan pa santèn, oubyen milye, menm jistan nou prete ase pou delivre nou anba esklavaj, se privilèj nou.

85 Epi ipoteke pwopriyete m te mete nan men nou yo fwa sa a sèlman, bay non nou avèk konsantman jeneral oubyen nan lòt fason jan lide nou di nou.

86 M ba nou privilèj sa a, fwa sa a; epi gade, si nou avanse pou fè bagay m plase devan nou yo, daprè kòmandman m yo, tout bagay sa yo se pou mwen, epi nou se entandan pou mwen, epi mèt la p ap kite kay li a kraze. Se konsa sa ye. Amèn.