Èd pou Etid
Dyab


Dyab

Satan. Dyab la se ènmi jistis ak moun k ap chèche fè volonte Bondye. Literalman, li se yon pitit gason espirityèl Bondye epi yon lè li te yon zanj ki te gen otorite nan prezans Bondye (Eza. 14:12; 2 Ne. 2:17). Sepandan, li te revòlte nan lavi premòtèl la epi li te pèsyade yon tyè nan pitit espirityèl Papa a pou yo revòlte avèk li (D&A 29:36; Moyiz 4:1–4; Abr. 3:27–28). Yo te chase yo nan syèl la, yo te pèdi opòtinite pou yo te gen yon kò mòtèl pou yo te kapab fè eksperyans lavi mòtèl la, epi y ap kondane etènèlman. Depi lè yo te chase dyab la nan syèl la, l ap chèche tout tan pou l twonpe tout gason ak tout fi pou l kondi yo lwen travay Bondye a—pou l rann tout moun mizerab menm jan avèk li (Apok. 12:9; 2 Ne. 2:27; 9:8–9).

Legliz dyab la

Chak move òganizasyon monden sou tè a k ap pèvèti levanjil pi, pafè a epi ki goumen kont ti Mouton Bondye a.