Èd pou Etid
Sèpan eren


Sèpan eren

Yon sèpan eren Bondye te kòmande Moyiz fè pou geri Izrayelit yo sèpan flanbe (sèpan pwazonen) yo te mòde nan dezè a (Nonb 21:8–9). Sèpan eren sa a te tache nan yon poto “kanpe pou tout moun leve tèt gade l kapab viv” (Alma 33:19–22). Senyè a refere zafè leve sèpan an nan dezè a kòm yon senbòl pou tèt pa Li ki leve sou kwa a (Jan 3:14–15). Revelasyon dènye jou konfime istwa move sèpan yo ak kòman pèp la te geri (1 Ne. 17:41; 2 Ne. 25:20; Ela. 8:14–15).