Èd pou Etid
Timote, Epit pou


Timote, Epit pou

De liv Nan Nouvo Testaman an. Yo tou de te lèt Pòl te ekri voye bay Timote orijinalman.

1 Timote

Pòl te ekri premye epit la apre premye anprizonman l lan. Li te kite Timote an Efèz, pou l retounen apre sa (1 Tim. 3:14). Sepandan, Pòl te santi li kapab pran tan, konsa, li te ekri Timote, aparamman pandan li te an Masedwan (1 Tim. 1:3), pou l ba li konsèy ak ankourajman pou l akonpli travay li.

Chapit 1 gen salitasyon Pòl ak enstriksyon li konsènan spekilasyon anfanten ki t ap antre nan Legliz la. Chapit 2–3 bay direksyon konsènan adorasyon piblik epi konsènan karaktè ak konduit ministè yo. Chapit 4–5 gen deskripsyon sou apostazi dènye jou ak avètisman konsènan trètman twoupo Timote a. Chapit 6 se yon egzòtasyon pou moun pwouve fidelite epi pou yo evite richès mond yo.

2 Timote

Pòl te ekri dezyèm lèt la pandan dezyèm anprizonman l lan, yon ti tan anvan l te pase anba mati. Li gen dènye pawòl Apot la, epi li montre gran kouraj ak konfyans Apot la lè li t ap fè fas devan lamnò.

Chapit 1 gen salitasyon ak chaj Pòl te bay Timote. Chapit 2–3 bay plizyè avètisman ak direksyon, avèk yon rekòmandasyon pou fè fas devan danje k ap vini. Chapit 4 se yon mesaj pou zanmi Pòl yo, ki gen konsèy konsènan ki jan pou aji avèk aposta yo.