Èd pou Etid
Kanaran, Kananeyit


Kanaran, Kananeyit

Nan epòk Ansyen Testaman an, katriyèm pitit gason Kam nan (Jen. 9:22; 10:1, 6) epi pitit pitit gason Noye. Kananeyit fè panse a yon moun peyi kote Kanaran te rete nan kòmansman epi tou moun ki desandan l yo. Kananeyit te yon non tou pou moun ki te rete nan tè plat ki lonje kòt Mèditerane Filisti nan. Non sa a te itilize tou pou dekri tout moun ki pa Izrayelit ki te abite nan peyi Lwès Jouden an, ke Grèk yo te rele Fenisyen yo.