Èd pou Etid
Mesi


Mesi

Yon kalite mo Aramik ak Ebre ki vledi “wen an.” Nan Nouvo Testaman an, Jezi pote non Kris la, ki se ekivalan Grèk pou Mesi. Sa vle di Pwofèt wen an, Prèt la, Wa a epi Liberatè Juif yo t ap tann vini avèk enpasyans lan.

Anpil Juif te sèlman ap rete tann yon liberatè kont pouvwa Women yo epi pou yon pi gran pwosperite nasyonal; konsa, lè Mesi a te vini, dirijan yo ak anpil lòt moun te rejte L. Sèlman moun ki enb ak fidèl yo te kapab wè Jezi Nazarèt se vrè Kris la (Eza. 53; Mat. 16:16; Jan 4:25–26).