Èd pou Etid
Abakik


Abakik

Yon pwofèt Ansyen Testaman nan Jida ki te pale konsènan peche pèp la, petèt pandan gouvènman Jojakin nan (apeprè 600 anvan Jezikri)

Liv Abakik la

Chapit 1 se yon diskisyon ant Senyè a avèk pwofèt Li a, menm jan avèk sa ki nan Jeremi chapit 12 ak D&A 121. Abakik te twouble poutèt mechan yo sanble yo te pwospere. Nan chapit 2, Senyè a te konseye Abakik pou l pasyan—moun ki jis yo dwe aprann pou yo viv avèk lafwa. Chapit 3 anrejistre priyè kote Abakik te rekonèt jistis Bondye.