Èd pou Etid
Zakari (Ansyen Testaman)


Zakari (Ansyen Testaman)

Yon pwofèt Ansyen Testaman ki te pwofetize nan anviwon 520 anvan Jezikri. Li te viv nan menm epòk avèk pwofèt Aje (Esd. 5:1; 6:14).

Liv Zakari a

Liv la remakab poutèt notasyon li fè konsènan pwofesi sou ministè mòtèl Kris la ak Dezyèm Vini Li a (Zak. 9:9; 11:12–13; 12:10; 13:6). Chapit 1–8 gen yon seri vizyon konsènan lavni pèp Bondye a. Chapit 9–14 gen vizyon konsènan Mesi a, dènye jou yo, rasanbleman Izrayèl la, gran lagè final la, epi Dezyèm Vini an.