Èd pou Etid
Kolosyen, Epit pou


Kolosyen, Epit pou

Yon liv nan Nouvo Testaman an. Nan kòmansman, sete yon lèt Apot Pòl te ekri Kolosyen yo, lè Epafras, evanjelis Legliz Kolòs la, te fin vizite l (Kol. 1:7–8). Epafras te di Pòl konsa Kolosyen yo te tonbe nan erè grav—yo te panse yo te pi bon pase lòt moun yo poutèt yo te obsève kèk òdonans eksteryè byen (Kol. 2:16), yo te fè abstinans nan kèk bagay chanèl, epi yo te adore zanj (Kol. 2:18). Pratik sa yo te fè Kolosyen yo panse yo te sanntifye. Yo te panse yo konprann mistè linivè yo pi byen pase lòt manm Legliz yo. Nan lèt li a, Pòl te korije yo lè li te anseye yo, redanmsyon vini sèlman nan Kris epi nou dwe saj epi sèvi L.

Chapit 1 se salitasyon Pòl te fè Kolosyen yo. Chapit 2–3 se doktrin epi yo genyen pawòl konsènan Kris kòm Redanmtè a, danje ki genyen nan move adorasyon, ak enpòtans Rezirèksyon an. Chapit 4 la anseye Sen yo dwe saj nan tout bagay.