Èd pou Etid
Don Sentespri


Don Sentespri

Se dwa chak manm Legliz la ki diy pou l gen enfliyans Sentespri a toutan. Apre batèm yon moun nan vrè Legliz la, li resevwa don Sentespri a pa enpozisyon men yon moun ki gen otorite pou sa (Tra. 8:12–25; Mowo. 2; D&A 39:23). Resevwa don Sentespri a refere souvan nan batèm dife (Mat. 3:11; D&A 19:31).