Èd pou Etid
Entwodiksyon


Gid Ekriti yo

Gid Ekriti yo defini kèk doktrin, prensip, moun, ak kèk kote nou jwenn nan Lasent Bib, Liv Mòmon an, Doktrin ak Alyans yo, ak nan Pèl Gran Pri a. Epi tou li bay referans ekriti kle pou w kapab etidye chak sijè. Gid sa a kapab ede w nan etid pèsonèl ak etid familyal ekriti yo. Li kapab ede w reponn kesyon konsènan levanjil la, etidye sijè ki nan ekriti yo, prepare diskou ak leson, epi ogmante konesans ou ak temwayaj ou nan levanjil la.

Dyagram sa a eksplike yon echantiyon nòt nan Gid Ekriti yo:

Imaj
egzanp

Bondye te kreye planèt kote n ap viv la pa lentèmedyè Jezikri pou lèzòm kapab itilize l pandan lavi mòtèl yo a. Destine final li se pou l vin glorifye ak ekzalte (D&A 77:1–2; 130:8–9). Tè a ap vin tounen yon eritaj etènèl pou moun ki te viv diy pou yon glwa selès (D&A 88:14–26). Yo pral jwi prezans Papa a ak Pitit Gason an (D&A 76:62).

Te kreye pou lèzòm

Testaman

Tribi Pèdi yo

Sijè se an lèt fonse.

Sijè yo gen yon definisyon brèf.

Kèk sijè gen ti antèt. Sa yo ekri sou fòm italik.

Ekriti relatif yo ekri nan parantèz.

Kèk fwa enfòmasyon konsènan sijè a pa nan antèt ou ap gade a. Mo italik Gade nan a ap dirije w nan tit kote pou w jwenn enfòmasyon an.

Kèk fwa lòt sijè ki nan gid la gen enfòmasyon ki menm avèk sijè w ap etidye a. Mo italik Gade tou nan yo dirije w sou menm sijè sa yo.

Referans ekriti ki pou ede w konprann definisyon yo plase andedan parantèz.

Chak referans ekriti gen yon sitasyon kout nan ekriti a oubyen yon rezime ekriti a ki plase devan l.

Mo italik Gade nan (oubyen Gade tou nan) ki gen yon tirè apre l la fè w konnen w ap jwenn enfòmasyon an nan yon ti antèt (“Dis tribi pèdi Izrayèl yo”) ki soti nan yon gran antèt (“Izrayèl”).