Èd pou Etid
Epit Pòl yo


Epit Pòl yo

Katòz liv nan nouvo testaman orijinalman se lèt apot Pòl ekri manm legliz yo. Yo divize an kat gwoup nan jan sa a:

1 ak 2 Tesalonisyen (50–51 apre Jezikri)

Pòl te ekri Tesalonisyen epit yo depi Korent pandan dezyèm jounen misyonè l la. Nan Tra. 17, yo montre travay li nan Tesaloni. Li te vle retounen nan Tesaloni, men li pa t kapab fè sa (1 Tes. 2:18). Poutèt sa li voye Timote al remonte moral konvèti yo epi ba l rapò sou kòman yo ye. Premye epit la se remèsiman l sou tounen Timote a. Dezyèm epit te ekri yon ti tan apre.

1 ak 2 Korentyen, Galat yo, Women (55–57 apre Jezikri)

Pòl te ekri Korentyen epit yo pandan twazyèm jounen misyonè li pou reponn kesyon ak pou mete lòd nan dezòd ki te genyen nan mitan sen Korent yo.

Epit pou Galat yo te ekri pou voye bay anpil branch legliz la yo nan tout Galasi. Kèk manm legliz la te abandone levanjil la akoz lwa juif la. Nan lèt sa a Pòl te esplike rezon lwa Moyiz la ak valè espirityèl yon relijyon.

Pòl te ekri Women yo epit la depi peyi Korent pou l te ka prepare sen Women yo pou yon vizit li te espere fè yo. Lèt sa a tou lonje dwèt sou doktrin yo ki te lakoz chirepit nan mitan juif yo ki te konvèti nan kretyènte.

Filipyen yo, Kolosyen yo, Efezyen yo, Filemon, Ebre yo (60–62 apre Jezikri)

Pòl te ekri epit sa yo pandan l te nan prizon pou premye fwa nan Wòm.

Pòl te ekri Filipyen yo epit la sitou pou l te montre gratitid li ak afeksyon l pou sen Filipyen yo ak pou l rekonfòte yo nan dekourajman ke anprizonman lan pou yon pakèt tan te lakòz.

Pòl te ekri Kolosyen yo epit la kòm rezilta yon rapò sou sen Kolosyen yo ki te tonbe nan erè grav. Yo te kwè ke pèfeksyon te vini nan obsève òdonans eksteryè yo olye pou yo devlope karaktè kretyen.

Epit pou Efezyen yo gen yon pakèt enpòtans, paske li gen ansèyman Pòl yo sou legliz Kris la.

Epit pou Filemon an se yon lèt prive sou Onezim, yon esklav ki te vòlè byen mèt li, Filemon, e ki te kouri al kache nan Wòm. Pòl te voye Onezim tounen al jwen mèt li ak lèt la pou l te mande padon pou Onezim.

Pòl te ekri Ebre yo epit la pou l te ka konvenk manm ki te juif nan legliz la yo ke lwa Moyiz la te akonpli nan Kris la epi lwa levanjil Kris la te ranplase l.

1 ak 2 Timote, Tit (64–65 apre Jezikri)

Pòl te ekri epit sa yo apre l te fin lage nan prizon nan Wòm premye fwa a.

Pòl te vwayaje ale nan Efèz, kote l te kite Timote pou l te anpeche devlopman kèk fòm espekilasyon, entansyon ki ta retounen pita. Li te ekri Timote premye epit li a, petèt depi Masedwan, pou konseye l ak pou ankouraje l nan akonplisman devwa li.

Pòl te ekri Tit epit la lè l te lib soti nan prizon. Li te petèt vizite Krèt, kote Tit te sèvi a. Lèt la pale esansyèlman konsènan viv dwat ak disip nan legliz la.

Pòl te ekri Timote dezyèm epit li pandan l te nan prizon yon dezyèm fwa, sa vle di anvan mati Pòl la. Epit sa a gen dènye pawòl Pòl yo epi li montre kouraj mèveye ak konfyans li te afwonte lanmò.