Èd pou Etid
Malachi


Malachi

Yon pwofèt Ansyen Testaman ki te ekri epi ki te pwofetize anviwon 430 anvan Jezikri.

Liv Malachi a

Liv oubyen pwofesi Malachi a se dènye liv nan Ansyen Testaman an. Sanble li suiv kat kouran prensipal: (1) peche Izrayèl yo—Malachi 1:6–2:17; 3:8–9; (2) jijman ki pral tonbe sou Izrayèl poutèt dezobeyisans yo—Malachi 1:14; 2:2–3, 12; 3:5; (3) pwomès pou obeyisans—Malachi 3:10–12, 16–18; 4:2–3; epi (4) pwofesi konsènan Izrayèl—Malachi 3:1–5; 4:1, 5–6 (D&A 2; 128:17; I—JS 1:37–39).

Nan pwofesi li yo, Malachi te ekri konsènan Janbatis (Mal. 3:1; Mat. 11:10), Lwa ladim nan (Mal. 3:7–12), Dezyèm Vini Senyè a (Mal. 4:5), epi retou Eli (Mal. 4:5–6; D&A 2; 128:17; I—JS 1:37–39). Sovè a te resite tout Malachi chapit 3 ak 4 la bay Nefit yo (3 Ne. 24–25).