Èd pou Etid
Malediksyon, Modi


Malediksyon, Modi

Nan ekriti yo, yon malediksyon se aplikasyon lwa diven ki pèmèt oubyen ki pote jijman ak konsekans yo sou yon bagay, sou yon moun, oubyen sou yon pèp jeneralman poutèt enjistis. Malediksyon se manifestasyon lanmou ak jistis diven Bondye. Bondye kapab envoke yo dirèkteman oubyen sèvitè otorize L yo kapab pwononse yo. Kèk fwa, se sèlman moun ki dezobeyi Bondye volontèman ki eksperimante konsekans malediksyon epi konsa, yo wete tèt yo devan Lespri Senyè a.

Senyè a kapab wete malediksyon poutèt lafwa yon moun oubyen yon pèp nan Jezikri ak obeyisans nan lwa ak òdonans levanjil la (Alma 23:16–18; 3 Ne. 2:14–16; AL 1:3).

Pwofanasyon

Modi vle di itilize langaj pwofàn, blasfematwa, oubyen meprizan tou.