Bondye te kreye planèt kote n ap viv la pa lentèmedyè Jezikri pou lèzòm kapab itilize l pandan lavi mòtèl yo a. Destine final li se pou l vin glorifye ak ekzalte (D&A 77:1–2 ; 130:8–9 ). Tè a ap vin tounen yon eritaj etènèl pou moun ki te viv diy pou yon glwa selès (D&A 88:14–26 ). Yo pral jwi prezans Papa a ak Pitit Gason an (D&A 76:62 ).
Bondye te bay lèzòm dominasyon sou tè a, Jen. 1:28 (Moyiz 2:28 ).
Tè a se pou Senyè a, Egz. 9:29 (Sòm 24:1 ).
Senyè a te bay pitit lèzòm tè a, Sòm 115:16 .
M te fè tè a epi m te kreye lèzòm sou li, Eza. 45:12 .
Moun ki te pran Sentespri a pou gid yo ap resevwa tè a, D&A 45:56–58 (D&A 103:7 ).
Moun ki te obeyi levanjil la, y ap resevwa byen tè a pou rekonpans, D&A 59:3 .
Pòv ak moun dou yo ki sou tè a ap eritye tè a, D&A 88:17 (Mat. 5:5 ; 3 Ne. 12:5 ).
Lanmè anvit la se tè a nan eta sanntifye, imòtèl ak etènèl li, D&A 77:1 .
Tè a dwe sanntifye epi prepare pou glwa selès la, D&A 88:18–19 .
An nou rasanble dlo yo ansanm yon sèl kote, Jen. 1:9 .
Tè a te divize nan epòk Pelèg la, Jen. 10:25 .
Tè a pral vlope ansanm tankou yon papiris epi l ap pase, 3 Ne. 26:3 (D&A 29:23 ).
Ap gen yon nouvo syèl ak yon nouvo tè, Etè 13:9 (D&A 29:23 ).
Lanmè anvit la se tè a nan eta sanntifye, imòtèl ak etènèl li, D&A 77:1 .
Tè a dwe sanntifye epi prepare pou glwa selès, D&A 88:18–19 .
Tè sa ap vin tounen tankou kristal epi l ap yon Ourim ak Toumim, D&A 130:8–9 .