Èd pou Etid
Lwa Moyiz


Lwa Moyiz

Bondye te bay Moyiz lwa pou kay Izrayèl la pou ranplase pi gwo lwa yo pa t vle obeyi a (Egz. 34; TJS, Egz. 34:1–2; TJS, Det. 10:2 [Apendis]). Lwa Moyiz la te gen anpil prensip, règ, seremoni, rityèl, ak senbòl pou raple pèp la devwa yo ak responsablite yo. Ladan l, te genyen yon lwa kòmandman ak obsèvasyon moral, etik relijye, ak fizik epi ak pèfòmans—ki te genyen sakrifis (Lev. 1–7)—entansyon bagay sa yo se te pou fè moun yo sonje Bondye ak devwa yo anvè Li (Mozya 13:30). Lafwa, repantans, batèm nan dlo, ak padon pou peche te fè pati lwa a, menm jan avèk Dis Kòmandman yo ak anpil lòt kòmandman ki gen yon valè etik moral. Pi fò nan lwa seremonyèl yo te akonpli lè lanmò ak Rezirèksyon Jezikri, ki te fini sakrifis koule san (Alma 34:13–14). Lwa a te administre sou direksyon Prètriz Aawon an epi li te yon levanjil preparatwa pou mennen moun ki obsève l yo bay Kris.