Yon tit ki montre respè pwofon ak onè pou Papa Bondye ak Sovè a, Jezikri. Tit la bay referans pou pozisyon Yo kòm mèt siprèm, emab sou tèt kreyasyon an.
Anyen pa twò di pou Senyè a, Jen. 18:14 .
Senyè a te pale avèk Moyiz fasafas, Egz. 33:11 .
Ou dwe renmen Senyè Bondye w la, Det. 6:5 (Mat. 22:37 ; Mak 12:30 ).
Kanta pou mwen ak moun lakay mwen, n ap sèvi Senyè a, Joz. 24:15 .
Senyè a se bèje m, Sòm 23:1 .
Senyè a fò epi li pwisan, li pwisan nan batay, Sòm 24:8 .
Senyè Jewova a se fòs mwen, Eza. 12:2 (2 Ne. 22:2 ).
Mwenmenm Senyè a, m se Sovè w epi Redanmtè w, Eza. 60:16 .
Ou dwe adore Senyè Bondye w la, Mat. 4:10 (Lik 4:8 ).
Bagay Senyè a te fè yo gran anpil, Mak 5:19 .
Gen yon sèl Senyè, Jezikri, 1 Kor. 8:6 .
Gen yon sèl Senyè, yon sèl fwa, yon sèl batèm, Efe. 4:5 .
Senyè a poutèt pa l li pral desann soti nan syèl la, 1 Tes. 4:16 .
M prale pou m fè bagay Senyè a te kòmande m yo, 1 Ne. 3:7 .
Senyè a pral jije pòv yo avèk jistis, 2 Ne. 30:9 .
Senyè Bondye a, Bondye Abraram nan te delivre Izrayelit yo soti nan esklavaj, Alma 29:11 .
Anyen pa kapab sove pèp la eksepte repantans ak lafwa nan Senyè a, Ela. 13:6 (Mozya 3:12 ).
Koute pawòl Jezikri, Senyè w la, D&A 15:1 .
Chèche prezans Senyè a tout tan, D&A 101:38 .
Senyè a pral wouj nan aparans li nan Dezyèm vini li a, D&A 133:48 (Eza. 63:1–4 ).
Abraram te pale avèk Senyè a fasafas, Abr. 3:11 .
Nou kwè premye prensip levanjil la se lafwa nan Senyè Jezikri a, AL 1:4 .