Èd pou Etid
Pwovèb


Pwovèb

Yon dikton moral brèf oubyen yon konsèy.

Liv Pwovèb la

Yon liv nan Ansyen Testaman an ki gen anpil parabòl, dikton, ak powèm. Salomon te ekri kèk ladan yo. Souvan yo site liv Pwovèb la nan Nouvo Testaman an.

Chapit 1–9 gen yon esplikasyon konsènan vrè sajès. Chapit 10–24 gen yon koleksyon dikton konsènan bon ak move fason yon moun kapab viv. Chapit 25–29 gen pwovèb Salomon yo moun Ezekyas yo, wa Jida a te anrejistre. Chapit 30–31 gen deskripsyon yon fi ki gen vèti.