Èd pou Etid
Sentsèn


Sentsèn

Pou Sen Dènye Jou yo, sentsèn nan fè moun yo panse a òdonans lè moun manje pen ak dlo nan memwa sakrifis ekspyatwa Kris la. Pen kase a reprezante kò L ki te kase; dlo a reprezante san Li te koule pou L te ekspye peche nou yo (1 Kor. 11:23–25; D&A 27:2). Lè manm diy nan Legliz yo manje sentsèn nan, yo pwomèt pou yo pran non Kris la sou tèt yo, pou yo toujou sonje L, epi pou yo respekte kòmandman Li yo. Nan òdonans sa a, manm Legliz yo renouvle alyans batèm yo.

Pandan Dènye Soupe a, Jezi te esplike òdonans sentsèn nan pandan Li t ap manje avèk Douz Apot yo (Mat. 26:17–28; Lik 22:1–20).