Èd pou Etid
Babèl, Babilòn


Babèl, Babilòn

Kapital Babiloni.

Babèl te youn nan vil pi ansyen nan peyi Mezopotami oubyen Chinea, epi se Nimròd ki te fonde l (Jen. 10:8–10). Senyè a te konfonn lang yo a nan epòk pèp la t ap bati Toudebabèl la (Jen. 11:1–9; Etè 1:3–5, 33–35). Apre sa Babilòn te vin tounen kapital Nebikadneza. Li te bati yon gran vil epi tras vil la Egziste jodi a ankò. Babilòn te tounen yon vil mechan anpil epi depi lè sa a li te vin senbolize mechanste mond lan.