Èd pou Etid
Amagedon


Amagedon

Non Amagedon an soti nan mo Ebre Har Megidon, ki siyifi “mòn Megido a.” Vale Megido a se pòsyon lwès nan plènn Esdralon an, 50 mil (80 kilomèt) nò Jerizalèm, epi li se kote anpil batay rèd nan tan Ansyen Testaman an. Yon gran konfli final k ap fèt prèske nan epòk Dezyèm Vini Senyè a ap rele batay Amagedon paske l ap kòmanse nan menm kote a. (Gade nan Ezek. 39:11; Zak. 12–14, espesyalman 12:11; Apok. 16:14–21.)