Èd pou Etid
Pektoral


Pektoral

Ekriti yo mansyone de kalite pektoral: (1) Pati ki devan rad ki pwoteje yon sòlda oubyen pwotèj. Nan yon sans senbolik, sen yo dwe abiye yo ak pektoral jistis pou pwoteje yo kont mal (Eza. 59:17; Efe. 6:14). (2) Yon rad gran prèt yo te konn mete nan lwa Moyiz la (Egz. 28:13–30; 39:8–21). Li te fèt ak twal epi li te gen douz metal chè. Kèk fwa, yo refere l kòm koneksyon pou Ourim ak Toumim nan (D&A 17:1; I—JS 1:35, 42, 52).