Èd pou Etid
Premye ne, premyene


Premye ne, premyene

Nan epòk ansyen patriyach yo, pitit gason premye ne a te resevwa dwadenès la (Jen. 43:33) epi konsa li te eritye direksyon fanmi an lè papa a te mouri. Premye ne a te dwe diy pou l te kapab pran responsablite sa a (1 Kwo. 5:1–2) epi li te kapab pèdi dwadenès li poutèt enjistis.

Sou lwa Moyiz la, premye pitit gason an te konsidere kòm posesyon Bondye. Premye pitit gason an te resevwa yon doub pòsyon nan byen papa l yo (Det. 21:17). Apre lanmò papa l, li te gen responsablite pou l pran swen manman l ak sè l yo.

Premye ne mal bèt yo, pou Bondye tou. Yo te itilize bèt ki pwòp yo pou sakrifis, men yo te kapab sove bèt sal yo, vann yo oubyen touye yo (Egz. 13:2, 11–13; 34:19–20; Lev. 27:11–13, 26–27).

Premye ne senbolize Jezikri ak ministè terès Li a, ki fè pèp la sonje gran Mesi a te dwe vini (Moyiz 5:4–8; 6:63).

Jezi te premye ne nan pitit lespri Papa Bondye nou yo, li te Sèl Pitit Literal Papa a te fè avèk kò a, epi li te premye moun ki te resisite nan pami mò yo nan Rezirèksyon an (Kol. 1:13–18). Sen fidèl yo vin tounen manm Legliz Premye ne a nan letènite (D&A 93:21–22).