Èd pou Etid
Ozana


Ozana

Yon mo Ebre ki vledi “tanpri sove nou” epi yo itilize l nan louwanj ak siplikasyon.

Nan Fèt Tabènak la, kote yo te konn selebre lè Senyè a te delivre Izrayèl ale nan tè pwomiz la, pèp la te konn chante pawòl Sòm 118 epi yo te konn leve branch palmis anlè. Lè Senyè a t ap antre ak viktwa nan Jerizalèm nan, miltitid la te rele “Ozana” epi yo te etale branch palmis pou Jezi mache, pou yo te kapab pwouve yo konprann Jezi se te menm Senyè a ki te delivre Izrayèl nan tan lontan an (Sòm 118:25–26; Mat. 21:9, 15; Mak 11:9–10; Jan 12:13). Moun sa yo te rekonèt Kris la kòm Mesi moun yo t ap rete tann depi lontan an. Mo Ozana a te vin tounen yon selebrasyon pou Mesi a nan tout epòk (1 Ne. 11:6; 3 Ne. 11:14–17). Rele ozana a te fè pati nan konsekrasyon Tanp Kirtland (D&A 109:79) epi kounyeya li se yon pati nan konsekrasyon tanp modèn yo.