Èd pou Etid
Jetwo


Jetwo

Yon prens nan Ansyen Testaman epi prèt Madyan ki te bay Moyiz kote pou l rete aprè l te kite Ejip. Li te rele tou Reyièl (Egz. 2:18). Pita Moyiz te marye ak pitit fi Jetwo Sefora (Egz. 3:1; 4:18; 18:1–12). Jetwo te anseye Moyiz pou l te ka ranplase l (Egz. 18:13–27). Moyiz te resevwa Prètriz Mèlkisedèk nan men Jetwo (D&A 84:6–7).