Èd pou Etid
Gad, pitit gason Jakòb


Gad, pitit gason Jakòb

Nan Ansyen Testaman an, yon pitit gason Jakòb ak Zilpa (Jen. 30:10–11). Desandan li yo te vin tounen tribi Izrayèl.

Tribi Gad la

Pou benediksyon Jakòb sou Gad, pitit gason l lan, gade nan Jenèz 49:19. Pou benediksyon Moyiz sou tribi Gad la, gade nan Detewonòm 33:20–21. Daprè benediksyon sa yo, desandan Gad yo te gen pou yo vin yon ras gèrye. Tè yo te resevwa nan peyi Kanaran an te nan lès Rivyè Jouden an epi li te gen bon jaden manje bèt ak anpil dlo.