Èd pou Etid
Etè


Etè

Dènye pwofèt Jaredit nan Liv Mòmon an (Etè 12:1–2).

Liv Etè a

Yon liv nan Liv Mòmon an ki gen kèk pòsyon istwa Jaredit yo. Jaredit yo te yon gwoup moun ki te rete nan Emisfè Lwès la, anpil santèn ane anvan pèp Leyi a. Liv Etè a te soti nan venn kat plak pèp Limi a te jwenn (Mozya 8:8–9).

Chapit 1–2 rakonte kòman Jaredit yo te kite kay yo nan epòk Toudebabèl la epi yo te kòmanse vwayaj yo pou ale nan kote nou rele Kontinan Ameriken an. Chapit 3–6 esplike kòman frè Jarèd la te wè Sovè premòtèl la epi kòman Jaredit yo te vwayaje nan yuit ti bato. Chapit 7–11 kontinye istwa mechanste ki te domine pi fò nan istwa Jaredit yo. Mowoni, ki te editè rejis Etè yo pi ta, te ekri nan chapit 12–13 konsènan mèvèy ki te fèt avèk lafwa, konsènan Kris la avèk Nouvo Jerizalèm k ap vini an. Chapit 14–15 esplike kòman Jaredit yo te vin yon gran nasyon, men yo te detwi anba lagè sivil poutèt mechanste.