Èd pou Etid
Alma, pitit gason Alma


Alma, pitit gason Alma

Nan liv Mòmon an, premye jij anchèf ak pwofèt nasyon Nefit la. Nan premye ane lè li te jèn, li t ap chèche detwi Legliz la (Mozya 27:8–10). Sepandan, yon zanj te parèt devan l epi li te konvèti nan levanjil la (Mozya 27:8–24; Alma 36:6–27). Apre sa li te abandone pozisyon l kòm jij anchèf pou l ale anseye pèp la (Alma 4:11–20).

Liv Alma a

Yon liv apa nan Liv Mòmon an, ki gen yon rezime rejis pwofèt Alma yo, pitit gason Alma a, ak Elaman pitit gason l lan. Evènman yo ki parèt nan liv la te pase apwoksimativman ant 91 e 52 anvan Jezikri. Liv la gen 63 chapit. Chapit 1–4 dekri rebelyon patizan Neyò yo ak Amlisi kont Nefit yo. Lagè bagay sa yo te koze yo te fè pati lagè pi destriktif nan istwa Nefit yo. Chapit 5–16 gen istwa premye vwayaj misyonè Alma yo, ak diskou li te fè konsènan Bon bèje a (Alma 5) ak predikasyon li menm avèk Amilèk yo, nan vil Amoniya a. Chapit 17–27 gen rejis pitit gason Mozya yo ak ministè yo pami Lamanit yo. Chapit 28–44 gen kèk nan diskou pi enpòtan Alma yo. Nan Chapit 32 a Alma konpare pawòl la ak yon semans; nan chapit 36 li rakonte pitit gason l lan, Elaman, konvèsyon l. Chapit 39–42 anrejistre konsèy Alma te bay Koryanton, pitit gason l lan ki te vin tonbe nan transgresyon moral; diskou enpòtan sa a esplike lajistis, mizèrikòd, Rezirèksyon ak Ekspyasyon an. Chapit 45–63 dekri lagè Nefit yo nan peryòd sa a ak deplasman yo sou direksyon Agòt. Gran dirijan tankou Kaptèn Mowoni, Teyankòm, ak Leyi te ede epaye lavi Nefit yo ak aksyon brav epi egzak yo.