Èd pou Etid
Levi


Levi

Nan Ansyen Testaman an, twazyèm pitit gason Jakòb avèk Leya a (Jen. 29:34; 35:23). Levi te vin tounen papa youn nan tribi Izrayèl yo.

Tribi Levi a

Jakòb te beni Levi ak desandan li yo (Jen. 49:5–7, 28). Desandan Levi yo te administre nan sanktyè Izrayèl yo (Nonb 1:47–54). Aawon te yon Levit, epi desandan li yo te prèt (Egz. 6:16–20; 28:1–4; 29). Levit yo te asiste prèt yo, pitit gason Aawon yo (Nonb 3:5–10; 1 Wa 8:4). Kèk fwa yo te sèvi kòm mizisyen (1 Kwo. 15:16; Ney. 11:22); te sakrifye bèt yo (2 Kwo. 29:34; Esd. 6:20); epi jeneralman te bay asistans nan tanp lan (Ney. 11:16). Levit yo te dedye tèt yo pou sèvis Senyè a pou yo egzekite òdonans pou pitit Izrayèl yo. Levit yo poutèt pa yo, yo te yon ofrann pou pitit Izrayèl yo (Nonb 8:11–22); konsa yo te vin tounen pwopriyete patikilye Bondye (Nonb 8:16), Bondye te resevwa yo kòm don nan plas premyene a (Nonb 8:7–16). Yo pa t gen eritaj tè nan Kanaran (Nonb 18:23–24), men yo te resevwa dim nan (Nonb 18:21), 48 vil (Nonb 35:6), epi yon dwa pou yo resevwa lacharite pèp la pandan epòk fèt (Det. 12:18–19; 14:27–29).