Èd pou Etid
Harris, Martin


Harris, Martin

Youn nan Twa Temwen orijin diven ak verasite Liv Mòmon an. Li te ede Joseph Smith ak Legliz la ekonomikman. Senyè a te mande Martin Harris pou l vann byen li epi pou l bay fon li yo pou peye pou piblikasyon Liv Mòmon an (D&A 19:26–27, 34–35), pou l yon ekzanp pou Legliz la (D&A 58:35), epi pou l ede nan depans ministè a (D&A 104:26).

Yo te ekskominye Martin Harris nan Legliz la men apre sa li te retounen kòm yon manm aktif. Jiska lafen lavi li, li te rann temwayaj pou fè konnen li te wè zanj Mowoni ak plak lò yo kote Joseph Smith te tradui Liv Mòmon an.