Èd pou Etid
Ezayi


Ezayi

Yon pwofèt Ansyen Testaman ki te pwofetize depi 740–701 anvan Jezikri a. Kòm konseye jeneral Wa Ezekyas, Ezayi te gen yon gwo enfliyans relijye ak politik.

Jezi te site Ezayi plis pase Li te site okenn lòt pwofèt. Pyè, Jan, ak Pòl nan Nouvo Testaman an te site Ezayi souvan tou. Liv Mòmon an epi Doktrin ak Alyans yo gen plis resitasyon ki soti nan Ezayi pase nan tout lòt pwofèt epi li bay anpil èd pou entèprete Ezayi. Nefi te anseye pèp li a nan ekriti Ezayi yo (2 Ne. 12–24; Eza. 2–14). Senyè a te di Nefit yo konsa “pawòl Ezayi yo gran” epi tout bagay Ezayi te pwofetize gen pou yo akonpli (3 Ne. 23:1–3).

Liv Ezayi a

Yon liv nan Ansyen Testaman an. Anpil nan pwofesi Ezayi yo rapòte vini Redanmtè a, ni pandan ministè terès Li a (Eza. 9:6) epi kòm yon Gran Wa nan dènye jou a (Eza. 63). Li te pwofetize anpil konsènan lavni Izrayèl tou.

Chapit 1 an se yon entwodiksyon pou rès liv la. Ezayi 7:14; 9:6–7; 11:1–5; 53; epi 61:1–3 anonse misyon Sovè a. Chapit 2, 11, 12, epi 35 pale sou evènman nan dènye jou yo, lè levanjil la pral retabli, Izrayèl pral rasanble, epi tè swaf la pral fleri tankou yon woz. Chapit 29 gen yon pwofesi konsènan piblikasyon Liv Mòmon an (2 Ne. 27). Chapit 40–46 pwoklame siperyorite Jewova kòm vrè Bondye a devan bondye idòl adoratè payen yo. Rès chapit yo, 47–66, pale de evènman final retablisman Izrayèl ak tablisman Siyon, avèk Senyè a ki pral rete pami pèp li a.