Èd pou Etid
Kwonik


Kwonik

De liv nan Ansyen Testaman an. Yo rakonte yon istwa rezime konsènan evènman yo depi nan Kreyasyon an jis nan pwoklamasyon Wa Siris te fè pou l te kite Juif yo retounen nan Jerizalèm nan.

Premye Kwonik

Chapit 1–9 anrejistre jeneyaloji depi nan Adan jis nan Sayil. Chapit 10 la anrejistre lanmò Sayil. Chapit 11–22 a trase evènman ki asosye avèk Wa David. Chapit 23–27 esplike Salomon te wa epi Levit yo te òganize nan lòd. Chapit 28 esplike David te kòmande Salomon pou l bati yon tanp. Chapit 29 la anrejistre lanmò David.

Dezyèm Kwonik

Chapit 1–9 trase evènman ki asosye avèk gouvènman Salomon. Chapit 10–12 pale konsènan gouvènman pitit gason Salomon an, Robowam, pandan epòk sa a wayòm inifye pèp Izrayèl la te divize fè wayòm Nò ak wayòm Sid. Chapit 13–36 dekri pouvwa anpil wa jistan Nebikadneza te mete nan kaptivite wayòm Jida a. Liv la fini ak pwoklamasyon Siris la ki te pèmèt pèp kaptif Jida a te kapab retounen nan Jerizalèm.