Èd pou Etid
Pyè


Pyè

Nan Nouvo testaman an, orijinalman yo te konnen Pyè kòm Simeyon oubyen Simon (2 Pyè 1:1), yon pechè pwason, moun Betsayida ki te rete nan Kapènawòm avèk madanm li. Jezi te geri manman madanm Pyè (Mak 1:29–31). Pyè te resevwa apèl avèk Andre, frè l la, pou yo vin tounen disip Jezikri (Mat. 4:18–22; Mak 1:16–18; Lik 5:1–11). Non Aramik l lan, Sefas, ki vledi “yon vwayan” oubyen “wòch,” se Senyè a ki te ba li l (Jan 1:40–42; TJS, Jan 1:42 [Apendis]). An menm tan Nouvo Testaman an mansyone kèk nan feblès mòtèl Pyè yo, li fè konnen tou Pyè te simonte yo epi lafwa l nan Jezikri a te vin fè l fò.

Pyè te konfese Jezi se Kris la epi Pitit Gason Bondye a (Jan 6:68–69), epi Senyè a te seleksyone l pou l kenbe kle wayòm nan sou tè a (Mat. 16:13–19). Sou Mòn Transfigirasyon an, Pyè te wè Sovè transfigire a, ansanm avèk Moyiz epi Elyas (Eli) (Mat. 17:1–9).

Pyè te chèf Apot nan epòk li a. Apre lanmò, Rezirèksyon, epi Asansyon Sovè a, Pyè te reyini Legliz la ansanm epi li te sipèvize apèl yon Apot pou ranplase Jida Iskaryòt (Tra. 1:15–26). Pyè ak Jan te geri yon nonm ki te paralize depi nan nesans (Tra. 3:1–16) epi li te lage soti nan prizon mirakilezman (Tra. 5:11–29; 12:1–19). Se nan ministè Pyè levanjil la te louvri pou Janti yo pou premye fwa (Tra. 10–11). Nan dènye jou yo, Pyè, avèk Jak epi avèk Jan te soti nan syèl la epi yo te konfere Prètriz Mèlkisedèk la ak kle li yo sou Joseph Smith ak Oliver Cowdery (D&A 27:12–13; 128:20).

Premye Epit Pyè

Premye epit la te ekri nan “Babilòn” (Petèt Wòm) epi yo te voye l bay Sen yo ki nan kote ki rele Azi Minè a kounyeya, yon ti tan apre Newon te kòmanse pèsekite Kretyen yo.

Chapit 1 pale konsènan preòdone Kris la kòm Redanmtè a. Chapit 2–3 esplike Kris la se pilye prensipal Legliz la, Sen yo gen yon prètriz wayal, epi Kris la te preche lespri nan prizon yo. Chapit 4–5 esplike poukisa yo te preche mò yo levanjil la epi poukisa ansyen yo dwe nouri twoupo a.

Dezyèm Epit Pyè a

Chapit l egzòte Sen yo pou yo asire apèl yo ak eleksyon yo. Chapit 2 avèti kont fo enstriktè. Chapit 3 pale konsènan dènye jou yo ak Dezyèm Vini Kris la.