Èd pou Etid
Ejip


Ejip

Yon peyi ki nan kwen nò dès Afrik. Majorite Ejip la se yon savann dezole. Majorite abitan yo rete nan Vale Nil la, ki mezire anviwon 550 mil.

Ansyen Ejip la te rich epi li te pwospè. Anpil gran travay piblik te bati, plis kanal pou irigasyon; vil fò pou defans; ak moniman pou wa yo, espesyalman tonb piramid ak tanp ki pami mèvèy mond lan jis kounyeya. Kèk tan, gouvènman Ejipsyen an te yon imitasyon lòd patriyakal prètriz la (Abr. 1:21–27).