Èd pou Etid
Chit Adan ak Èv


Chit Adan ak Èv

Fenomèn ki te fè limanite vin mòtèl sou tè sa a. Lè Adan ak Èv te manje fwi defandi a, yo te vin mòtèl, ki vle di, soumèt anba peche ak lanmò. Adan te vin tounen “premye kò fizik” sou tè a (Moyiz 3:7). Revelasyon nan dènye jou yo fè konnen klèman, Chit la se yon benediksyon epi nou dwe onore Adan ak Èv kòm premye paran tout limanite.

Chit la te yon pa nesesè nan pwogrè lèzòm. Poutèt Bondye te konnen Chit la t ap fèt, Li te planifye pou yon Sovè nan lavi premòtèl la. Jezikri te vini nan demi-tan an pou ekspye Chit Adan an ak peche endividyèl lèzòm avèk kondisyon pou lèzòm repanti.