Èd pou Etid
Esdras


Esdras

Yon prèt Ansyen Testaman epi yon save ki te mennen kèk nan Juif yo tounen nan Jerizalèm, soti nan kaptivite Babilonyen (Esd. 7–10; Ney. 8; 12). Nan 458 anvan Jezikri, Atagzèzès, wa peyi Pès la te ba li pèmisyon pou mennen nenpòt Juif ki te vle tounen nan Jerizalèm (Esd. 7:12–26).

Anvan epòk Esdras la, prèt yo te prèske gen kontwòl total sou lekti koleksyon ekriti yo te rele “lalwa” a. Esdras te ede pou fè tout Juif gen aksè nan ekriti yo. Lekti piblik “liv lalwa” a te vin tounen poto mitan nan lavi nasyonal Juif yo. Petèt, pi gwo ansèyman Esdras la soti nan egzanp pèsonèl li lè li t ap prepare kè li pou chèche lwa Bondye, pou obeyi l epi pou anseye lòt moun li (Esd. 7:10).

Liv Esdras la

Chapit 1–6 dekri evènman ki te pase depi 60 jis nan 80 ane anvan Esdras te rive nan Jerizalèm—deklarasyon Siris la nan 537 anvan Jezikri ak retou Juif yo sou Zowobabèl. Chapit 7–10 montre kòman Esdras te ale nan Jerizalèm. Limenm avèk gwoup li a te jene, priye pou pwoteksyon. Nan Jerizalèm, yo te jwenn anpil Juif ki te ale nan Jerizalèm anvan sa, sou direksyon Zowobabèl epi ki te marye avèk fi ki pa fè pati alyans lan epi konsa ki te vin rann tèt yo endiy. Esdras te priye pou yo epi li te mete yo sou alyans pou yo divòse avèk madanm sa yo. Nou jwenn pi ansyen istwa Esdras la nan Neemi.