Èd pou Etid
Jonas


Jonas

Yon pwofèt Ansyen Testaman Senyè a te bay apèl pou l ale preche vil Niniv la repantans (Jonas 1:1–2).

Liv Jonas la

Yon liv nan Ansyen Testaman an ki pale de yon eksperyans nan lavi Jonas. Pwobableman, Jonas pa t ekri liv la limenm. Ide prensipal liv Jonas la sèke Jewova rèye tout kote epi li pa resève lanmou Li pou yon sèl nasyon oubyen yon sèl pèp.

Nan chapit 1 an, Senyè a te bay Jonas apèl pou l preche nan Niniv. Tan pou l te fè jan Senyè a te kòmande l la, Jonas te sove nan bato epi yon gwo pwason te vale l. Nan chapit 2 a, Jonas te priye Senyè a epi pwason an te vomi Jonas deyò sou tè sèk. Chapit 3 a rakonte Jonas te ale nan Niniv epi li te pwofetize sou chit vil sa a. Sepandan, pèp la te repanti. Nan chapit 4 la, Senyè a te repwoche Jonas poutèt li te fache paske Senyè a te sove pèp la.

Jezi te anseye vale lè pwason an te vale Jonas la sa te sèvi kòm yon reprezantasyon lanmò Jezi ak rezirèksyon l (Mat. 12:39–40; 16:4; Lik 11:29–30).