Èd pou Etid
Kle prètriz la


Kle prètriz la

Kle yo se dwa prezidans la, oubyen pouvwa Bondye bay lèzòm pou yo dirije, kontwole, epi gouvène prètriz Bondye sou tè a. Detantè prètriz ki gen apèl nan pozisyon prezidans resevwa kle nan men moun ki gen otorite sou yo. Detantè prètriz yo itilize prètriz la sèlman nan limit moun ki gen kle yo trase. Prezidan Legliz la se sèl moun sou tè a ki gen tout kle prètriz yo e ki otorize pou egzèse yo (D&A 107:65–67, 91–92; 132:7).