Èd pou Etid
Tabènak


Tabènak

Yon kay Senyè a, mitan adorasyon Izrayèl pandan Egzòd Ejip la. An reyalite tabènak la te yon tanp pòtatif, yo te kapab defèt li epi rasanble l ankò. Pitit Izrayèl yo te itilize yon tabènak jistan yo te bati tanp Salomon an (D&A 124:38).

Bondye te revele modèl tabènak la bay Moyiz (Egz. 26–27), epi pitit Izrayèl yo te bati l daprè modèl sa a (Egz. 35–40). Lè tabènak la te konplete, yon nyaj te kouvri tant la, epi glwa Senyè a te ranpli tabènak la (Egz. 40:33–34). Nyaj la te yon siy ki montre prezans Bondye. Nan nuit li te gen aparans dife. Lè nyaj la te rete sou tèt tant la, pitit Izrayèl yo te kanpe. Lè l te deplase, yo te deplase avèk li (Egz. 40:36–38; Nonb 9:17–18). Pitit Izrayèl yo te pote tabènak la avèk yo pandan yo te pèdi nan dezè a, sou wout pou yo t ale konkeri Kanaran an. Apre konkèt sa a, tabènak la te tabli nan Chilo, kote Senyè a te chwazi a (Joz. 18:1). Lè pitit Izrayèl yo te fin bati tanp Salomon an, tabènak la te disparèt nan istwa antyèman.

Senyè a ak Ezayi te ilitize tabènak la pou senbolize vil Siyon ak vil Jerizalèm yo nan epòk Dezyèm Vini Senyè a (Eza. 33:20; Moyiz 7:62).