Èd pou Etid
Rezirèksyon


Rezirèksyon

Reyinyon kò lespri a avèk kò fizik chè ak zo a apre lanmò. Apre rezirèksyon an, lespri ak kò a p ap janm separe ankò, epi moun nan pral vin imòtèl. Chak moun ki te fèt sou tè a pral resisite paske Jezikri te gen viktwa sou lanmò (1 Kor. 15:20–22).

Jezikri te premye moun ki te resisite sou tè sa a (Tra. 26:23; Kol. 1:18; Apok. 1:5). Nouvo Testaman an bay evidans klè ki fè konnen Jezi te resisite avèk kò fizik Li a: tonm Li a te vid, Li te manje pwason avèk siwo myèl, Li te gen yon kò chè ak zo, moun te touche L, epi zanj te di konsa Li te resisite (Mak 16:1–6; Lik 24:1–12, 36–43; Jan 20:1–18). Revelasyon nan dènye jou yo konfime reyalite Rezirèksyon Kris la ak rezirèksyon tout limanite (Alma 11:40–45; 40; 3 Ne. 11:1–17; D&A 76; Moyiz 7:62).

Tout moun p ap resisite avèk menm glwa a (1 Kor. 15:39–42; D&A 76:89–98), ni tou tout moun p ap resisite menm lè a (1 Kor. 15:22–23; Alma 40:8; D&A 76:64–65, 85; 88:96–102). Anpil Sen te resisite apre Rezirèksyon Kris la (Mat. 27:52). Jis yo pral resisite anvan mechan yo epi jis yo pral leve nan Premye Rezirèksyon an (1 Tes. 4:16); pechè ki pa repanti yo pral leve nan dènye rezirèksyon an (Apok. 20:5–13; D&A 76:85).