Èd pou Etid
Toma


Toma

Nan Nouvo Testaman an, youn nan Douz Apot orijinèl Sovè a te chwazi pandan ministè motèl Li a (Mat. 10:2–3; Jan 14:5). An Grèk, non an se Didim (Jan 20:24–29; 21:2). Malgre Toma te doute Rezirèksyon Jezi a jistan li te wè Sovè a pèsonèlman, fòs karaktè li te ba li volonte pou l kapab fè fas devan pèsekisyon ak lanmò avèk Senyè l la (Jan 11:16; 20:19–25).