Èd pou Etid
Samariten yo


Samariten yo

Pèp biblik ki te viv nan Samari a apre Asiryen yo te fin kaptire wayòm nò Izrayèl la. Samariten yo te mwatye Izrayelit, mwatye Janti. Relijyon yo te yon melanj kwayans ak pratik Juif avèk paganis. Parabòl bon Samariten an nan Lik 10:25–37, montre rayiman Juif yo te devlope pou Samariten yo poutèt Samariten yo te apostazye kite relijyon Izrayelit la. Senyè a te dirije apot yo pou yo ale preche Samariten yo levanjil la (Tra. 1:6–8). Filip te preche pèp Samari a levanjil Kris la avèk siksè epi li te fè anpil mirak pami yo (Tra. 8:5–39).