Èd pou Etid
Nefi, pitit gason Leyi


Nefi, pitit gason Leyi

Nan Liv Mòmon an, yon pitit gason Leyi ak Sariya ki te jis (1 Ne. 1:1–4; 2:5). Nefi te gen anpil lafwa nan pawòl Bondye (1 Ne. 3:7) epi li te vin tounen yon gran pwofèt, te pwoteje rejis yo, epi li te dirijan pèp li a.

Liv 1 Nefi a

Chapit 1–18:8 esplike anpil sou pwofèt Leyi ak fanmi l ki t ap kite Jerizalèm. Yo te travèse nan dezè arid jiskaske yo te jwenn lanmè a. 1 Nefi 18:9–23 pale konsènan vwayaj yo nan tè pwomès la, jan Senyè a te dirije yo, malgre rebelyon Laman ak Lemyèl. Chapit 19–22 esplike pou ki rezon Nefi te kenbe rejis yo (1 Ne. 6; 19:18)—pou pèsyade tout moun pou yo kapab sonje Senyè a, Redanmtè yo a. Li resite nan Ezayi (1 Ne. 20–21) epi te entèprete mesaj Ezayi yo, avèk esperans pou tout moun ta kapab vin konnen Jezikri kòm Sovè yo ak Redanmtè yo (1 Ne. 22:12).

Liv 2 Nefi a

Chapit 1–4 gen kèk nan ansèyman ak pwofesi final Leyi yo anvan lanmò l, ki genyen tou benediksyon l pou pitit gason li yo ak desandan yo. Chapit 5 esplike poukisa Nefit yo te separe tèt yo avèk Lamanit yo. Nefit yo te bati yon tanp, yo te anseye lwa Moyiz la, epi yo te kenbe rejis yo. Chapit 6–10 gen pawòl Jakòb, ti frè Nefi a. Jakòb revize istwa Jida epi li te pwofetize konsènan Mesi a, kèk nan pwofesi yo te soti nan ekriti pwofèt Ezayi yo. Nan chapit 11–33 Nefi anrejistre temwayaj li konsènan Kris la, temwayaj Jakòb, pwofesi nan dènye jou yo, ak plizyè chapit liv Ezayi ki nan Ansyen Testaman an.

Plak Nefi yo