Èd pou Etid
Wen


Wen

Nan tan lontan, Pwofèt Senyè a yo te wen moun k ap fè travay espesyal yo avèk lwil, tèlke Aawon oubyen prèt oubyen wa yo ki t ap dirije Izrayèl. Nan Legliz la, kounyeya, lè yo wen yon moun, yo mete yon ti kras lwil konsakre sou tèt li, ki se yon etap nan yon benediksyon espesyal. Sa kapab fèt sèlman sou otorite ak pouvwa Prètriz Mèlkisedèk la. Apre onksyon an, yon moun ki gen otorite menm prètriz sa a kapab sele onksyon an epi bay moun ki te wen an yon benediksyon espesyal.