Èd pou Etid
Galat yo, Epit pou


Galat yo, Epit pou

Yon liv nan Nouvo Testaman an. Nan kòmansman se te yon lèt Pòl te ekri Sen yo ki t ap viv toupatou nan Galasi. Tèm liv sa a sèke moun kapab jwenn vrè libète sèlman nan levanjil Jezikri a. Si Sen yo ta adopte ansèyman Kretyen Juif yo ki te ensiste sou respè lwa Moyiz la, yo t ap detwi oubyen limite libète yo t ap jwenn nan Kris la. Nan epit la, Pòl te tabli pozisyon pa l kòm yon Apot, li te esplike doktrin jistis la nan lafwa, epi li afime valè yon relijyon espirityèl.

Nan chapit 1 ak 2, Pòl te eksprime regrè li lè li te resevwa nouvèl apostazi pami moun Galat yo epi li klarifye pozisyon l pami Apot yo. Chapit 3 ak 4 diskite doktrin lafwa ak zèv. Chapit 5 ak 6 gen diskou konsènan rezilta pratik ak doktrin lafwa a.