Èd pou Etid
Amèn


Amèn

Siyifi “se pou sa fèt konsa” oubyen “se konsa sa ye.” Amèn anplwaye pou montre ke nou asepte epi nou dakò sensèman, solanèlman (Det. 27:14–26) oubyen nou rekonèt se vre (1 Wa 1:36). Nan tan kounyeya, apre priyè, temwayaj ak diskou, moun ki tande priyè a oubyen mesaj la di amèn pou montre yo dakò epi yo apiye l.

Nan tan Ansyen Testaman, yon moun te konn di amèn lè l ap fè yon alyans (1 Kwo. 16:7, 35–36; Ney. 5:12–13; 8:2–6). Yo rele Kris la “Amèn nan, fidèl la ak temwen tout bon an” (Apok. 3:14). Amèn sèvi tou kòm siy yon alyans nan Lekòl Pwofèt yo (D&A 88:133–135).