Èd pou Etid
Nanm


Nanm

Ekriti yo pale konsènan nanm nan twa fason: (1) èt espirityèl, ni premòtèl ni posmòtèl (Alma 40:11–14; Abr. 3:23); (2) yon lespri ak yon kò ki reyini nan mòtalite (D&A 88:15; Abr. 5:7); epi (3) yon moun imòtèl, resisite ki gen lespri l ak kò l konekte pou yo pa janm separe (2 Ne. 9:13; D&A 88:15–16).

Valè nanm

Lespri tout moun se pitit Bondye. Li renmen chak pitit Li epi Li konsidere yo chak enpòtan. Paske yo se pitit Li, yo gen potansyalite pou yo vin tankou L. Se poutèt sa, yo gen anpil valè.